(Cliquez ici pour la version française)

Depi nan ane 2000, komite kreyòl la, ap selebre Jounen Entènasyonal Lang matènèl chak 21 fevriye ki se jou L’ UNESCO te konsakre kòm Jounen Entènasyonal Lang matènèl nan mwa novanm 1999. Ane sa a ankò, komite a envite nou  20 fevriye  2016 la pou nou vini pote kole ak li nan lit l ap menmen nan fè pwomosyon divès kalte lang sou latè. Li konte sous prezans nou pou aktivite sa a tounen yon gwo siksè. Mèsi anpil poutèt  n ap pataje envitasyon an ak zanmi nou ansanm ak fanmi nou. N ap jwenn pwogram nan pi ba a.

Komite kreyòl la  nan Sant N A Rive ap selebre 16zyèm Jounen Entènasyonal Lang matènèl

Samdi 20 Fevrye 2016, 5è30 -8è diswa

Selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Matènel

Tèm : LANG MANMAN NOU SE MAK FABRIK NOU

Nan pwogram nan:

•     Konferans sou : Istwa Nwa nan Lamerik ak   Alain Saint-Victor 

•     Pati kiltirèl  (échanj nan lang pa yo ant  Kebekwa, Arab, Vyetnamyen, Beninwa, Ayisyen, Kongolè  elatriye. Sizonnen ak bèl mizik  ak chante)

N ap tann ou!

Antre gratis.

Pou infòmasyon: 514 278 2157

Selebrasyon 16zyèm Jounen Entènasyonal Lang matènèl

Laisser un commentaire