Partagez cette nouvelle!

A lokazyon 32 zyèm edisyon jounen Entènasyonal Kreyòl la Sant N A Rive ap pwofite fè omaj pou Sosyete Koukouy.

Tèm komite a chwazi pou edisyon an: Kreyòl byen benyen, byen poudre nan tou sa n ap fè pèmèt nou

  • Savalouwe 50 an
  • Mouvman Kreyòl Ayisyen-Sosyete Koukouy

Aktivite espesyal jounen an ap kòmanse a 6 zè demi diswa kote 3 akademisyen Kreyòl ki ap viv pa bò isit:
Frenand Léger, Michel-Ange Hyppolite ak Joseph Sauveur Joseph
pral fè yon chita koze ak piblik la sou Akademi an, apre sa bèl pwezi ak mizik pral chame lespri ak zòrèy tout mon san nou pa bliye depi 4è ap gen espozisyon tout atis tan lontan rive jodia.

Tousa ap pase lan Sant N A Rive, 6971, ri St-Denis.

Sware a gratis, men nou asepte tout don ki kapab ede nou fè pwomosyon lang kreyòl la!

Sous: Ninette Piou
Centre N A Rive
6971, St-Denis
514-278-2157

 

Pwogram

1 – Akèy-Entwodiksyon (30mn)

Akèy mizikal, ouvèti : Madam Mozart Longuefosse

Mo direktris la : Madam Ninette Piou

Mo responsab Komite Kreyòl la+prezantasyon : M. Joseph Sauveur Joseph.

2 – Panèl sou Akademi kreyòl la avèk twa akademisyen (60 mn) (Animatè : Jean Robert Placide)

Akademisyen Michel Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) – Istorik ak itilite akademi an;

Akademisyen Frenand Léger – Wòl akademi an nan pwomosyon lang kreyòl la;

Akademisyen Joseph Sauveur Joseph – Ki defi akademi an epi ki mwayen li genyen pou sa;

Kesyon piblik la;

Poz boukan (30 mn). 

3 – Pati kiltirèl (Animatè: Lenous Suprice) Resital powèt, ekriven kreyòl   (60mn) 

  • Frantz  Benjamen;
  • Michel Ange Hyppolite;
  • Conceptie Gervé;
  • Reginald Germain;
  • Louisa Lafable;
  • Mozart Longuefosse;
  • Pierre Roland Bain.

4 – Bèl chante, Mizik, siye pye (30mn)

5 – Remèsiman 

Autres nouvelles

  • Communautaire, Événement, Culture

    18 février 2026

    Samdi 21 fevriye 2026, 6 è diswa: Selebrasyon Jounen entènasyonal lang matènèl ak ENKPKA

  • Communautaire, Événement, Culture

    27 janvier 2026

    Invitation à la Commémoration du 7 février 1986 par la Coalition Ayisyèn contre la dictature en Haïti

Programmes éducatifs

Nos programmes éducatifs sont des activités d’apprentissage proposées permettent de doter les apprenants d’atouts favorables à leur insertion sur le marché du travail.

L’alphabétisation est bien plus qu’une simple acquisition des compétences de lecture et d’écriture. C’est le fondement de la connaissance, de l’émancipation individuelle et de l’autonomie.

Stimuler et renforcer les apprentissages en donnant aux apprenants une formation qui répond à leurs besoins.

Retrouver son autonomie par l’apprentissage du français oral et la mise à niveau de ses compétences.