Partagez cette nouvelle!

(Cliquez ici pour la version Française)

Jounen madi ki ap 8 septanm lan, Sant N A Rive ap pwofite pou li bat bravo pou tout fanm ak gason vanyan ki pa fè bak devan prejije, endiferans ak dekourajman pou yo patisipe lan aktivite alfabetizasyon dekwa pou yo kapab pran lavi yo nan men enpi patisipe nan devlopman sosyete a.

 

Jodia ankò, tèm sa a UNESCO chwazi a fè nou reviv bèl fraz Paolo Freire a, kote li di apeprè : «Okenn moun pa ka okipe yon plas solid nan listwa si yo pa ede li pran konsyans  reyalite lap viv la ak kapasite, pouvwa li genyen pou transfòme reyalite sa a».
Pou nou menm nan Sant N A Rive li klè tankou dlo kokoye, alfabetizasyon, edikasyon ak fòmasyon se kle ki louvri pòt chanjman move kondisyon lavi, se pòt demen miyò. Se lan lide sa a, Sant N A Rive envite tout moun ki pa maton nan zafè li ak ekri  rele nan 514-278-2157 pou yo enskri yo lan fòmasyon, lan aktivite yo bezwen tankou alfabetizasyon, franse ak fòmasyon ki prepare pou ale travay.

 

 

Sous: Ninette Piou – Direktris

Autres nouvelles

  • Communautaire, Événement, Culture

    18 février 2026

    Samdi 21 fevriye 2026, 6 è diswa: Selebrasyon Jounen entènasyonal lang matènèl ak ENKPKA

  • Communautaire, Événement, Culture

    27 janvier 2026

    Invitation à la Commémoration du 7 février 1986 par la Coalition Ayisyèn contre la dictature en Haïti

Programmes éducatifs

Nos programmes éducatifs sont des activités d’apprentissage proposées permettent de doter les apprenants d’atouts favorables à leur insertion sur le marché du travail.

L’alphabétisation est bien plus qu’une simple acquisition des compétences de lecture et d’écriture. C’est le fondement de la connaissance, de l’émancipation individuelle et de l’autonomie.

Stimuler et renforcer les apprentissages en donnant aux apprenants une formation qui répond à leurs besoins.

Retrouver son autonomie par l’apprentissage du français oral et la mise à niveau de ses compétences.